22/07/2026
Viv an Ayiti sa mande fòk ou gen anpil pasyans wi,fòk ou gen lafwa,toujou pèsevere, pa janm di ou pap eseye, menmsi li piti,men pa rete san ou pa chèche kreye yon ti aktivite pou ou ka fè degouden, mwen pa kache di nou si mwen te yon nèg ki te konplekse,kafe mwen tap koule ak ma, e mwen se yon nèg ki gen pasyans mwen pa fè foli pou sa mwen poko ka posede,mwen viv yon ti vi nòmal mwen pa janm alamòd, e mwen toujou apa mwen pa gen tan pou mwen nan fouk,sesak fè Moun paka gade anbam,yo pa konnen ni lè mwen genyen, ni lè mwen pa genyen
li ra kounyea pou wè ti jèn yo pa kite kouran laria pyeje yo,mwen detèminasyon pam,se toujou ret nan bon chimen an,menmsi mwen konnen sa fèm soufri anpil