20/06/2026
📢 Nòt Enpòtan pou Popilasyon Mombin-Kwochi
Komisyon Minisipal la anonse nouvo mezi pou amelyore sikilasyon nan vil la epi diminye ankonbreman. Depi kounye a, tout machann, pwopriyetè garaj, chantye, pakin, tonèl, tant, tab ak nenpòt lòt materyèl ki okipe espas piblik san otorizasyon dwe retire yo nan delè otorite yo fikse.
Administrasyon minisipal la ap pran dispozisyon pou fè respekte mezi sa yo, epi nenpòt moun ki pa kolabore ka sibi sanksyon ak amand.
Nou mande tout sitwayen yo pou kolabore pou ede kenbe vil la pi òdone, pi sekirize ak pi fasil pou sikile.
Ansanm, ann fè Mombin-Kwochi vin yon vil ki pi pwòp ak pi modèn. ✅🏛️
Lumanes Ldkt Timouche JB Wood Kervens fans Lospinite Mombin-Crochu Mombin-Crochu Anyen Pa Etenel Mombin Zoom Widelin Jean Wolf Occean Georges Ketteline