Acajou Hebdo

Acajou Hebdo ... promouvoir le dialogue, la tolerance et la modernite, dans la dynamique de la construction d'une

- Depi w gen lespri (nou pa p pale de konn li, konn ekri, ni gen pakèt diplòm, bagay an reyalite ki pa gen anyen pou we ...
18/04/2026

- Depi w gen lespri (nou pa p pale de konn li, konn ekri, ni gen pakèt diplòm, bagay an reyalite ki pa gen anyen pou we avèk gen lespri) nou vle di depi w gen tèt ou byen plase sou zepòl ou;

- Depi w gen konsyans (nou pap pale de senp konesans byen ak mal, sa an reyalite ki pa yon prèlyèm nan konsyans) nou vle di depi w ka wè e santi nesesite pou bagay yo chanje;

- Depi w renmen Laskawobas, nou pap pale de moun k ap pwofite de Laskawobas) nou vle di depi w vle bagay yo chanje epi w pare pou mete men pou chanje bagay yo;

- Depi w dwat (nou pap pale de moun dosye blanchi, k ap viv avèk bout kòd lajistis nan kou yo) nou vle di depi w entèg, w pap chache kouvèti, w konfòm avèk lajistis e avèk sosyete a... w pa ka pa bò kote SEM LAPAIX

SEM LAPAIX konnen Laskawobas ak tout pwoblèm Laskawobas ap konfwonte yo kòm defi depi digdantan.

SEM LAPAIX toujou ap travay sou tout pwoblèm Laskawobas, sa ki pèmèt li toujou ap pwopoze solisyon fyab e dirab a tout pwoblèm ponktyel kominote a pandan li montre trè klèman ki wout l ap pase depi li gen manda kominote a pou li rezoud pwoblem estriktirèl e pèmanan ki kanpe afas kominote a twò lontan antanke defi.

SEM LAPAIX konsakre tout lavi l nan sèvi Laskawobas, san li pako okipe pyès fonksyon nan Leta ni janm touche yon goud pou tout sèvis l ap bay Laskawobas yo. Li kolabore avèk tout enstitisyon piblik kou prive depi se nan benefis Laskawobas.

Malgre li poko gen yon manda ofisyèl pou sa, antanke sitwayen angaje e responsab, SEM LAPAIX toujou fè l devwa pou kreye yon espas pou diskite kare kare avek otorite nan pi wo nivo yo nan Leta a peyi a chak fwa entere Laskawobas menase.

Se nan dinamik sa w ap jwenn SEM LAPAIX nan baz tout demach ki abouti avek tout pwojè ke Leta an Ayiti nan patenarya avèk enstitisyon nan entènasyonal la reyalize nan Laskawobas nan kouran ane 2000 yo jiska jodi a, san li pa nye ouvètman konbyen fwa sèten nan demach li yo vwe a echèk paske se pa limenm ki ko janm gen lejitimite nesesè pou mennen demach yo nan bout, e lè w konsidere malerezman moun ki jwi privilèj sa yo pa toujou gen ase metriz de demach SEM LAPAIX inisye yo.

Pwojè fwa binasyonal la ke li te aktyalize selon bezwen Laskawobas e ke li te diskite avek tout konsène lokal, nasyonal e entenasyonal pou te pèmèt Laskawobas te pwofite de okazyon sa men ki pase mal, se yon ekzanp jan moun ki sanse plase pou mennen komin nan gaspiye opòtinite ke komin nan jwenn avèk kouraj SEM LAPAIX

Nou ta ka site tou Plan Kominal Devlopman Laskawobas la, PKD a ke li te travay ladan l ansanm avèk plizyè lòt entelektyèl Laskawobas avèk (Groupe TRAME) ki sanse ekspire san yon pwojè ki enskri nan dokiman sa pa reyalize, toujou akoz mankman moun ki sanse ap dirije komin nan. Elas!

Si demach SEM LAPAIX abouti deja Laskawobas a konstriksyon e enstalasyon Sant sibènetik la, reyabilitasyon sant sosyal la, konstriksyon plas pibkik Laskawobas bò kote Majjstra Gerald Joseph ke nou do rekonet sa, nan kontèks komemorasyon bisansenkantenè fondasyon Laskawobas la, pwojè pou kouran Pelig la te sòti Pelig, pase Tifon pou te rive Laskawobas epi gaye nan seksyon kominal yo ki ekzije plis metriz teknik ak metriz way politik peyi a toujou pa ka reyisi paske finalite yon pwojè konsa pa janm depann de lòt moun apre reprezantan Laskawobas yo nan Leta a ki malerezman pa fè valwa kapasite nesesè pou pèmèt Laskawobas leve defi sa ki la depi plis pase 60 ane.

Se kouwè jan Laskawobas pèdi pwojè lopital inivèsitè a, pwojè pak espòtif la, pwojè wout ki kontoune vil la, pwojè konstriksyon mache modèn nan, pou nou site sa yo sèlman.

Se tout tan kabret la poko kole prezans SEM LAPAIX pa nesesè Laskawobas. Sitwayen avek lide klè, elegan oratè ki fè prèv yon bèl metrize zam dyalektik, ki gen reflèks pou fè tranzisyon a tan ant pawòl e aksyon, ekselan negosyatè ki aprann sitiye enterè chak entelokitè san risk konpwomisyon sou enterè kolektivite a, depi kabrèt la kole, SEM LAPAIX pa ka pa la. E li toujou pran chaj li nan benefis tout moun antanke lidè konsekan.

SEM LAPAIX pa janm bouke pran inisyativ pou mete resous moun nan kominote Laskawobasyèn nan an valè. Se nan pran inisyativ konsa li rive pèmèt anpil jèn fanm e jèn gason Laskawobas rive antre gratis nan inivèsitè isit an Ayiti e menm nan peyi etranje epi pran fòmasyon ki pèmèt jodi a yo se gwo pwofesyonèl k ap bay sèvis nan gwo enstitisyon nan peyi a.

Miss Acajou, komemorasyon 250èm anivèsè vil Laskawobas nan ane 2010, kreyasyon sant kiltirel Laskawobas la avèk _SL création,_ kreyasyon jounal ACAJOU HEBDO... se yon seri inisyativ ki make lavi kominote a pou tout tan.

Malgre risk ki genyen nan fonksyone avèk enstitisyon yo an Ayiti jodi a akoz kòripsyon ki gangrennen sosyete ayisyèn nan, SEM LAPAIX pa gen non l site nan pyès eskandal. Li toujou bay tout moun defi pou ta parèt avèk yon chèk menm yon goud ke li ta fè anba tab nan kominezon avèk pyès moun kit se nan Leta, kit se nan prive.

Malgre enfliyans li nan kominote Laskawobasyèn nan: dirijan estrikti politik, kòdonatè Inite pilotaj sosyete sivil komin nan, SEM LAPAIX pa janm pwofite akapare pyès privilèj ak avantaj, ni anrichi tèt li sou do Laskawobas. SEM LAPAIX pa gen yon kiyè tè Leta Laskawobas, ni pyès lòt byen kominote a nan men l sou okenn fòm keseswa. Se nan diyite avèk onètete antanke pwofesè, ekriven, plastisyen, konsiltan endepandan SEM LAPAIX viv avèk fanmi l.

SEM LAPAIX poko jwenn pyès sitwayen ni pyès enstitisyon Laskawobas oswa nenpòt kote nan peyi a rele l nan tribinal pou anyen lalwa kondane. Menm antanke temwen SEM LAPAIX poko jwenn envitasyon yon kabinè enstriksyon nan peyi a pou vin bay pyès esplikasyon nan pyès dosye.

Ni pre, ni lwen, SEM LAPAIX pa konn asosye avèk moun ki nan move zafè.

Ale fouye nan grèf tribinal pou lapè Laskawobas la ni nan grèf pakè jiridiksyon an, w pa p jwenn non sitwayen sa nan pyès dosye. Si w ap chache yon sitwayen avèk dosye vyèj, SEM LAPAIX SE YON MODÈL.

Mete sou sa, SEM LAPAIX fè valwa yon metriz ekstraòdinè nan kominikasyon. Se yon nèg ki pa gen pyès konplèks ni prejije. Li toujou ouvè pou pale, je nan je, avèk kèlkeswa moun nan sou nenpòt ki sijè, paske se yon nèg byen edike e ki gen gran kilti.

Nan domèn politik, sa ke li aprann, sa ke li eksperimante e byen konnen, SEM LAPAIX pwouve chak jou pi plis ke li pare pou li afwonte kontradiksyon ki gen nan Leta a, pou li kòlte avèk ekzijans diplomasi a, pou li diskite avèk patnè ayiti nan entenasyonal la kouwè sa yo ki nan sektè prive a pou Laskawobas finalman rive entegre lis komin konsiderab nan repiblik la e trete antanke tel.

Avèk dosye Laskawobas ki toujou anba bra l e ke li metrize kouwè zòrye l, li toujou di se paske nou poko atake pwoblèm Laskawobas yo ki lakoz yo kole kouwè defi anfas Laskawobas. Li reponn pou leve defi sa yo.

An nou di: kalifye, konpetan, eksperimante, kouraje, fwonte, fouge, kalite ki pemèt li enpoze l dwatman nenpòt kote li rive, se yon modèl sitwayen konsa Laskawobas bezwen genyen kòm reprezantan nan Leta a pou defann koz li epi retirel nan sitiyasyon lawont li twouve l depi digdantan, malgre tout richès, malgre tout resous, malgre tout potansyalite komin sa.

An nou mete fòs nou ansanm avèk SEM LAPAIX

POU YON LÒT AYITI
POU YON LÒT LASKAWOBAS

EKIP CHANPYON SL/2026 LA

14/10/2021
18/07/2020

Branche Radyo9 104.9 demen dimanch 18 jiyè 2020 an soti 4è rive 6è, BERNIER Billarame Billy
ap resevwa SEM LAPAIX nan refleksyon9 sou pwoblematik elektrisite a Laskawobas

Sou pyès pretèks PA RATE

Ensemble luttons contre la propagation du COVID 19
25/04/2020

Ensemble luttons contre la propagation du COVID 19

Address


Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Acajou Hebdo posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

  • Want your business to be the top-listed Contractor?

Share